Ou bezwen yon kat prepeye pou w achte sou AliExpress, Alibaba, Amazon, ak anpil lòt sit e-commerce; oubyen pou w bouste paj Facebook ou?
Ebyen li fasil!!!
Anvan tou, ki diferans ki gen ant yon kat de kredi ak yon kat prepeye??
Yon kat de kredi se yon kat yon bank bay yon kliyan avèk yon limit kredi sou li. Lè sa ou ka achte avèk kat la tout kote ki aksèpte kat de kredi. Men aprè, kòm se prete yo te prete w kòb ou achte avèl sou kat la, ou gen pou w remèt kòb sa ak tout enterè.
Yon kat prepeye, se tankou se yon kanè bank li ye, ou ka mete kòb sou li pou w itilize lè w bezwen. Lè sa wap ka achte avèl sou entènèt ak tout kote ki aksèpte kat la. Men atansyon, si w pa gen kòb sou li ou pap ka achte avè l.
Ki bank ki bay kat prepeye an Ayiti?
Nou konnen 3 bank ki bay aksè a yon kat prepeye toujou. Kat la ka swa yon kat Visa ou byen yon MasterCard. Bank sa yo se:
- Capital Bank,
- BNC (Banque Nationale de Crédit)
- BUH (Banque de l'Union Haïtienne).
Kisa wap bezwen pou w al fè yon kat prepeye nan youn nan 3 bank sa yo?
| Capital Bank | BNC | BUH | |
|---|---|---|---|
| Frè ouvèti | 60 $ US | 2 000 goud | 1 250 goud |
| Pyès | 1 pyès idantite valid | 1 pyès idantite valid | 1 pyès idantite valid |
| Frè rechaj | 11$ US | 350 goud + TCA | 5$ US |
| Kat an goud | Wi | Wi | Wi |
| Kat an dola | Wi | Non | Wi |
Pyès idantite a kapab swa
- yon paspò,
- yon kat idantite oswa y
- lisans chofè (permis de conduire)
Si se nan Capital Bank oubyen BUH ou al fè kat la, ou ka chwazi swa w fè yon kat an goud oswa yon kat an dola. Kat goud la ap itilize an Ayiti, kat dola pou itilize a l'échelle internationale.
Pou BNC, ou ka sèlman fè yon kat an goud ke wap ka itilize ni an lokal ni a l'échelle internationale.
Frè rechaj la se yon frè ke wap bay chak fwa ke wap rechaje kat la.
Oswa ale nan nenpòt sikisal bank ou chwazi nan 3 bank sa yo pou w fè kat ou oswa pou w mande plis enfòmasyon.

Itilize lajan w pouw di "NON" epi fose bank ak mezon tranfè yo ranje sistèm nan.
RépondreSupprimerTout moun ki pa renmen jan bank ak mezon transfè yo ap fonksyone nan peyi a dwe itilize lajan elektwonik (crypto-monnaie) epi antre nan Paxful prese prese jodi a: ���� https://paxful.com/fr?r=5Zxk7jzxNYp
1. Bank yo ap pran frè jesyon sou nou chak mwa epi yo refize mete enterè sou kòb nou.
2. Bank yo fè nou peye pou atestasyon alòske yo pa respekte nou.
3. Souvan lè moun sot pran kòb labank ak nan mezon transfè yo viktim. Fòk sa fini
4. Majorite bank ak mezon transfè yo pa menm ofri yon ti dlo glase alewè pou yo ta genyen twolalèt konfòmodèn pou kliyan yo.
5. Piske nou kapab genyen pou pipiti 7 mil 500 Goud sou MonCash ak LajanCash e sou Paxful menm ou kapab genyen kèlkeswa kantite kòb ou vle a an dola Ameriken. Poukisa nou kontinye al pran imilyasyon ak kanpe nan liy pou nou viktim?
6. Gras ak Paxful anmiw ak zanmiw yo kapab peye mwens kòb pou yo fè tranfè lajan pou ou sou Paxful, yo pap bezwen peye dola sent ($1.50) la ankò.
Sispann itilize bank ak mezon transfè yo.
Tout moun entèlijan e ki genyen bon sans tankou dwe elaji kont MonCash, LajanCash ak Paxful pou nou di "NON" ak tout sa nou pa renmen nan bank ak mezon transfè yo.
Ouvri je nou. Retire tout kòb nou genyen nan bank yo pou nou pran kontwòl lajan nou gras ak telefòn nou... Menm si telefòn nan ta pèdi kòb nou ap toujou la.
Aprè ou fin enskri sou Paxful ekrim sou nimewo WhatsApp sa otomatikman +509-3710-4711
Oudjahramalegba Zanmounda Crypthomax
Svp, èske si m fè yon kat prepeye goud nan buh, èske entenasyonalman map ka achte yon bagay an dola sou li?
RépondreSupprimerWi wap ka kapab achte avè l. Ou ka achte avè l ni an Ayiti ni aletranje.
SupprimerSof kat prepeye dola ou pap ka itilize l an Ayiti.
Eske map ka gen 2 kat svp youn an goud youn an dola?
RépondreSupprimerWi ou kapab. Ni BUH, ni Capital Bank bay aksè pou w fè yon kat an goud ak yon kat an dola. Yo toulède endepandan. Sa vle di, wap peye pou yo chak la separeman.
SupprimerSafè plizyè jour mw wè carte BUH la pa fonctionel sou aliexpress. Li bon kounya SVP
RépondreSupprimerEseye avèk yon lòt kat pou w wè oubyen eseye kontakte sèvis kliyan BUH la.
Supprimer