Lis meyè wallet pou w stoke kriptomonè sou entènèt.

Ou pa ka ap viv an plen 21nyèm syèk sa pou w pa konnen kisa ki yon kriptomonè ni kisa ki yon e-wallet. 

Yon moun pa ka ap itilize kriptomonè tou san li pa konnen ki yon wallet. 


Yon wallet (yon mo anglè ki vle di "portefeuille" an fransè) se yon bous elektwonik kote ou ka resevwa kòb sou fòm kriptomonè le pi souvan. 

Yon wallet se tankou se yon kont an bank, ou ka resevwa kòb oubyen voye kòb bay yon lòt moun avè l. 

Si w bezwen resevwa oubyen voye Bitcoin bay yon lòt moun, fòk ou gen yon wallet ki aksèpte Bitcoin, menm bagay la pou etherum, litecoin, etc. An gwo, si w bezwen resevwa oubyen voye nenpòt kriptomonè bay yon lòt moun, fòk ni ou, ni lòt moun nan genyen yon wallet ki ka resevwa kriptomonè sa. 

Gen plizyè sit ki bay aksè pou kreye yon wallet pou stoke youn oubyen plizyè kriptomonè diferan. Men yon lis ki genyen wallet ki plis itilize pou stoke kriptomonè:


1- Coinbase

Coinbase aksèpte plizyè kriptomonè tankou bitcoin (BTC), etherum (ETH), litecoin (LTC), etc.



2- Blockchain
Blockchain aksèpte kriptomonè ki pi popilè yo menm jan ak coinbase. 



3- Binance

Se youn nan wallet ki aksèpte plis kriptomonè sou entènèt la, kòmanse depi nan sa ki pi kouran yo tankou bitcoin, etherum rive nan sa ki mwens popilè yo. Si yon kriptomonè egziste, se sèl si li fenk parèt sou mache a pou w pa jwenn li sou binance. Si w bezwen yon wallet kote ou ka stoke yon pakèt varyete kriptomonè, binance se meyè chwa ou te ka fè. 



4- Paxful

Paxful la se yon wallet ki aksèpte plizyè kriptomonè, e sa ki pi bèl nan paxful la, li fasil pou w achte kriptomonè sou sit paxful la nenpòt kote ou ye nan mond la menm si ou ta va Ayiti wap ka peye pa MonCash etc..
Sa vrèman enteresan. 



5- Localbitcoins

Se yon wallet ki aksèpte kriptomonè ki pi kouran yo, an plis de sa, li fasilite w achte kriptomonè sou sit la menm nan yon bat je. 




6- Trust Wallet
Se yon wallet ethereum rapid, sekirize e ki trè fasil pou  itilize



7- Jaxx
Jaxx se yon wallet ki aksèpte bitcoin, BitcoinCash, litecoin, ethereum ak yon pakèt lòt kriptomonè ankò. 



8- BitGo
BitGo se yon wallet ki egziste depi 2013, li aksèpte plis pase 100 kriptomonè. 



9- Exodus
Exodus se yon wallet pou òdinatè ak telefòn ki gen yon entèfas itilizatè trè senp ak tout yon sistèm echanj. 



N'ap fè mizajou pou atik sa detanzantan, abòne ak blog la pou w toujou rete okouran. 

1 Commentaires

  1. C’est quoi MonCash?

    https://www.facebook.com/100003652694911/posts/2269199869878414/

    MonCash est un service financier mobile qui permet à ses utilisateurs d’effectuer des transactions journalières n’importe où qu’ils soient en Haiti. Voice quelques une des transactions possibles à travers MonCash:

    1. Maintenir de l’argent sur votre compte MonCash pour vos achats journaliers;
    2. Envoyer de l’argent à d’autres utilisateurs MonCash à partir de votre téléphone Digicel;
    3. Déposer de l’argent sur votre compte MonCash;
    4. Retirer de l’argent cash de votre compte MonCash;
    5. Acheter des plans internet et de minutes Digicel;
    6. Payer les marchands affiliés;
    7. Payer vos factures;
    8. Recevoir votre salaire sur votre compte MonCash.

    Digicel Haiti offre ce service en partenariat avec la Sogebank.

    Pour élargir votre compte MonCash vers un portefeuille Standard (limite 75,000 Gourdes) vous devez vous rendre chez un agent MonCash ou un magasin Digicel pour remplir une forme d'enregistrement. Vous devrez également fournir une pièce d'identité valide.

    Devenez un membre de PAXFUL gratuitement en cliquant sur le suivant:https://paxful.com/fr?r=5Zxk7jzxNYp

    PAXFUL est la solution!



    Crypthomax

    RépondreSupprimer
Enregistrer un commentaire
Plus récente Plus ancienne