Kòman pou w envesti nan kriptomonè

Kriptomonè yo se yon bèl opòtinite pou moun ki vle fè kòb sou entènèt. Gen anpil moun ki konn tande pale de kriptomonè kap mande kòman yo ka envesti nan kriptomonè yo pou yo ka fè kòb. Si ou menm tou, ou konn ap poze kesyon sa, atik sa se pou ou, pran san w pou w li l. 


Byen gade grafik sa, li reprezante varyasyon pri yon bitcoin pou yon dola ameriken. Si nou byen gade, n'ap wè bò mwa avril 2020, yon Bitcoin egal a 5 000 $. Anviwon 10 mwa apre, nan kòmansman mwa fevriye 2021, yon bitcoin egal a 43 000 $ !!! 

Kounya, imajine ou te achte 100 $ bitcoin pandan li te vo 5 000 $.   
Nan mwa fevriye 2021 an lè yon Bitcoin te vin vo 43 000 $, bitcoin ou te achte ak 100 $ tap vo 860 $ !!!

E sa w tande a, ou pa redi nan anyen pou w fè 860 $ sa! Ou jis achte bitcoin ou, ou konsève li, epi l'ap pran valè de jou an jou. 

Nou sot pran egzanp la ak 100 $, kounya imajine si 1 000 $, 100 000$ oubyen 1 000 000 $, konbyen kòb ou tap fè apre 10 mwa sa yo?

Sa ki enteresan, se pa sèl bitcoin yon moun ka envesti ladan'l, gen yon pakèt lòt kriptomonè ankò! E sa ki pi bèl la, gen yon bon kou nan yo ki poko menm vo 1 $ menm!! Sa vle di, si yon moun gen 100 $, li ka achte yon pakèt ladan'l!!

Anvan yon moun kouri al envesti nan yon kripto, gen yon bagay li dwe konnen:
Menm jan nou konn tande dola ap monte oubyen l'ap desann nan, se konsa kriptomonè yo ye tou, yo ka monte, yo ka desann tou. Lè sa fòk ou konnen nan ki sans kriptomonè a ap evolye pou w ka fè pwofi sinon se pèt wap fè. 

Fason ki pi senp pou yon moun detekte nan ki sans yon kripto ap evolye, se yon grafik ki endike pri kripto a nan yon entèval de tan. Si wap fè yon envestisman "à long terme", kap dire plizyè mwa, lè konsa ou dwe gade pou w wè si grafik kripto a plis gen tandans a monte ke desann (tankou nan grafik ki pi wo a). Nan ka sa, ou ka envesti. 

Men si ou wè se yon grafik kap desann kripto a genyen, nou pa konseye w envesti ladan'l paske ou gen plis chans pou w pèdi nan kòb ou a ke w genyen. 

Pa bliye, lè w fin envesti, fòk ou fè yon koudèy detanzantan pou w ka konnen kòman kriptomonè ou envesti ladan'l la ap evolye. 

Si w bezwen bezwen envesti nan yon kripto, al chèche grafik li sou Google pou w ka analize l pou w konnen si se monte valè kriptomonè a ap monte oubyen desann. 

Si se nan Bitcoin ou vle envesti, klike kounya sou ti bando ble sa pou w ka al achte Bitcoin sou paxful san kè sote. 

Acheter des bitcoins instantanémentPaiement par MonCash accepté

Si w poko genyen yon kont paxful antan ke Ayisyen, ou mèt kwè m ou dèyè toujou, klike la pou w kreye yon kont paxful. 


Trè byento, n'ap vini ak yon atik kap eksplike w kisa pou w fè pou w pa pèdi kòb ou lè yon kripto kòmanse desann. Si w vle rete okouran lè atik la pibliye, rete branche, kite Email ou kote ki ekri "abòne ak blog la". 

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne