Sispann pèdi kòb ou nan fake MLM!
MLM vle di Multi-Level Marketing, yo rele l tou marketing rezo oubyen marketing relasyonel. Se yon sistèm maketin ki gen plizyè nivo ladan l. Se youn nan meyè fason yon antrepriz ka fè kliyantèl li grandi pi vit san l pa envesti yon pakèt lajan nan yon sistèm maketin tradisyonèl.
Lè w fè pati de yon MLM, ou vin yon vandè pou antrepriz la. Ou gen yon komisyon wap touche sou chak pwodui ou vann. Men sa pa kanpe la. Ou gen posibilite pou w monte yon rezo lè w envite lòt moun antre nan sistèm nan toujou. Moun sa yo ap enskri anba w. Wap touche yon komisyon sou chak pwodui moun sa yo vann tou. Plis moun ki nan rezo w la ap vann pwodwi, plis yap fè kòb, se plis wap fè kòb tou.
Moun ki enskri dirèkteman anba w yo, yo se fiyèl 1e jenerasyon w, moun ki enskri anba fiyèl dirèk ou yo fè pati de fiyèl 2e jenerasyon w. Gen MLM ki ba w yon komisyon sou vant fiyèl ki jis nan 5e jenerasyon.
MLM la se yon biznis ki fèt an rezo li, ou pa ka fè l pou kò w. Se youn ede lòt nan rezo a. Plis ou gen moun anba w, sa vle di moun ou enskri ak moun fiyèl ou yo enskri, se plis rezo w la pi pwisan, e se plis lap rapòte w plis kòb.
Jan nou ka wè sa, MLM se youn nan meyè fason yon moun ka fè kòb depi l ka konstwi yon rezo epi pran swen rezo a. Gen moun ki konn arive fè plis ke $20 000 nan yon mwa nan yon MLM.
Biznis la bèl pa vre?
Men konsa tou, si w pa byen analize yo wap kase dan w sou yon pakèt fo MLM ke w ka kwaze sou entènèt. Yo rele yo MLM, men gen yon bagay ki diferansye yo de vrè MLM yo:
Yo pa gen okenn pwodui oubyen sèvis ke yap vann.
Lè w enskri nan yo ou sèlman gen pou w envite yon kantite moun enskri anba w. Pi souvan se 2 moun. Apre w fin enskri 2 moun sa yo, ou pa gen anyen wap fè ankò.
Ou pa gen okenn pwodui ke antrepriz la ba w aksè pou w vann pou w fè kòb. Ou sèlman ap tann lòt moun enskri anba fiyèl ou yo pou w fè kòb. Kòb wap touche yo soti dirèkteman nan men fiyèl ki anba w yo. Kidonk si pa gen okenn moun ki enskri anba w, ou pap jwenn yon goud. Ou pèdi kòb ou te enskri a.
Bon non fo MLM sa yo se piramid Ponzi oubyen sistèm Ponzi. Yo tout se anak. Depi pa gen nouvo moun ki enskri nan sistèm nan, sistèm nan kraze. E lè yo kraze konsa, se sèl moun ki te premye enskri yo ki byen pase paske yo gentan touche anpil kòb sou moun ki vini apre yo nan sistèm nan. Moun ki pèdi yo se moun ki dènye enskri yo ki pa ka jwenn moun pou enskri anba yo.
Imajine ou gen yon zanmi w kap pale w de yon biznis kote lè w fin enskri ak $100, wap bezwen enskri 2 moun anba w pou w antre nan 2e nivo a kote wap touche 50$. Tout tan nivo w ap monte kòb ou ap ogmante jiskaske w rive nan 6e nivo a kote wap touche $100 000! Kòb la bèl! Ou te gen $100 la, ou tou enskri.
Ou bouke chèche moun, ou pa janm jwenn moun pou enskri anba w. Jiskaske ou pa tande okenn moun pale de biznis sa ankò, menm sit la pa disponib ankò. Ou pèdi $100 ou a.
Men tout moun ki te enskri anvan w yo e ki te arive jwenn 2 moun antre nan sistèm nan, tire kòb yo a, e gen sa ki menm fè bèl kòb. Kòb sa yo soti nan men moun ki dènye enskri menm jan avè w yo.
Se te jis yon egzanp.
Men kèk kritè ki ka ede w idantifye yon sistèm Ponzi:
- Antrepriz la pa gen okenn objektif reyèl. Sa vle di pa gen yon kote li vre rive, li pa gen yon misyon ki klè.
- Antrepriz la pa ofri okenn pwodui oubyen sèvis ke w ka vann.
- Kòb wap touche soti sèlman nan men moun ki enskri anba w yo.
- Menm si antrepriz la ta gen yon pwodui oubyen yon sèvis lap vann, li pa gen okenn rapò ak kòb wap touche. Se sèl nouvo fiyèl ki ka rapòte w kob. Kidonk pa gen fiyèl pa gen lajan.
- Aktivite biznis la ralanti oubyen li disparèt konplètman lè pa gen nouvo moun pou enskri ladan'l.
- Mèt biznis la enkoni oubyen li fyab.
Syèj sosyal biznis la absan oubyen li pa verifye.
Apati de kounya, anvan w antre nan nenpòt ki biznis ki mande w pou w enskri lòt moun anba w pou w fè kòb, pran san w pou w analize l pou w pa pran nan piramid Ponzi pou w pa regrèt oubyen mete kòb ou ladan l.
Ou gen yon zanmi w ki nan yon MLM, oubyen ki te pran nan yon piramid Ponzi deja?
Itilize bouton WhatsApp oubyen Facebook sa yo ki pi ba a pou w pataje atik sa avè l.