Entènèt plen fason yon moun ka fè kòb. Si w konn sa wap fè e ou konnen nan ki jan de biznis wap envesti, ou ka fè bèl pwofi sou entènèt chak mwa.
Malerezman gen plizyè fòm biznis ki ka blo filing ou e ki pap rapòte w yon goud. Se sa k fè li enpòtan pou w konnen biznis ki gen plis potansyèl pou rapòte w kòb sou entènèt anvan w kòmanse pou evite yo bon sou ou.
Ki jan de biznis ou dwe evite fè sou entènèt?
Meyè fason pou w evite yo bon sou ou se analize tout biznis ou doute de yo. Depi w gen dout sou yon biznis, fè ti rechèch ou sou li pou w ou klè sou li. Lè w rive jwenn youn ou fè konfyans, ou ka kontinye aprann plis sou li answit pou w mete sa w aprann yo an pratik pou w ka fè kòb.
Men kèk gran pwen pou w aplike lè wap analize yon biznis pou w evite pran nan anak:
1. Yon biznis kote wap rich rapid
Pa gen okenn biznis ki ka fè w rich yon sèl kou. Gen kèk metòd ki trè rantab kote w ka fè yon bèl sòm kòb nan yon ti tan, men pa janm atann ke w pral rich yon kou. Amwenske mo rich la pa gen menm definisyon pou ou ak pou tout moun.
Si w jwenn yon biznis kote yo pwomèt ou wap rich nan yon bat je, ou dwe evite l paske majorite nan yo pou nou pa di tout se anak, blòf. Majorite bon biznis, ki fyab ap kòmanse rapòte w kòb piti piti, de jou an jou kòb sa ap grandi. Sa ap pran ti tan pou l grandi jis ou vin pa bezwen travay pou w fè kòb ankò.
2. Ou pa bezwen metòd pou w swiv
Mefye w de tout biznis kote ou pa bezwen gen metòd, demach, prensip pou w swiv. Gen dè milyon de moun k ap chèche yon fason pou yo fè kòb sou entènèt. Anpil nan yo echwe paske yo pa vrèman konnen ki biznis kap rapòte yo tou bon vre. Gen anpil nan yo ki envesti kòb yo nan yon seri de sit ki pwomèt yo ke yap fè kòb yo travay pou yo, epi yon lè konsa yo rete yo wè sit la kanpe li pa fonksyone ankò.
Yon bon biznis ap toujou gen yon prensip, yon demach, yon fòmil pou w aplike pou w fè kòb. Donk si w jwenn yon biznis ki pa ba w aksè pou w konnen ki metòd yo anplwaye pou rapòte w kòb, pa antre ladan'l.
3. Ou pa bezwen aprann anyen.
Sa se yon lòt move konsepsyon anpil moun gen de biznis sou entènèt. Yo panse ke w pa bezwen aprann anyen pou w arive fè kòb. Ou dwe eksplore e konprann yon sistèm si w vle l rapòte w kòb. Ou dwe dekouvri tout sekrè, tout prensip, trik ki gen nan yon biznis yon fason pou w ka itilize yo nan avantaj ou pou w fè kòb.
Yon bon sistèm ap toujou ba w aksè pou w dekouvri tout sa ki nesesè yo. Fòk ou aprann dabò anvan w ka fè kòb nan sistèm nan. Se pa san rezon anpil platfòm komès anliy ak platfòm trading baw aksè ak yon gid pazapa lè w fenk rive sou yo pou w dekouvri sistèm. Si gen yon sistèm kote w pa bezwen aprann anyen pou w fè kòb, li tap saj pou w evite antre ladan l.
4. Ou p ap bezwen pase tan w ladan l
Nenpòt sa wap fè nan lavi sa mande w yon pati nan tan w anvan l fonksyone nòmalman. Wap bezwen pou w pran tan w pou w eksplore, dekouvri tout ti detay ki genyen sou biznis la pou e ka metrize l e fè maksimòm pwofi. Si gen yon sistèm kote ou pa bezwen pase yon minimòm nan tan w ap travay sou biznis la pou l rapòte w kòb, ou dwe reflechi 2 fwa anvan ou antre ladan'l.
Teknik sa yo ap ede w konprann sa pou w chèche lè wap analize yon modèl biznis oubyen yon sistèm. Pran tan w pou w byen analize sistèm nan avan w antre ladan'l. Lè konsa ou gen plis chans pou w evite pran nan scam, oubyen monte yon biznis ki pap mache.