Nan 2 dènye mwa sa yo, tout moun se yon kesyon de CQR. Anvan w pale ak nèg la ou tande l mande w si konn tande pale de CQR deja. Gen nèg kap bay lòt cho ak kòb yap retire nan CQR.
Pou moun ki poko konnen sak rele CQR la, se yon sit entènèt ki ba w posibilite pou w envesti an liy. Ou ka envesti soti nan 35 $ pou rive jiska 1 500$.
Lè w envesti 35$, sou yon mwa ou fè 42$
Lè w envesti nan pi gwo plan an ki se 1 500$ nan yon mwa wap fè 1 800$. Sa bay 21 600$ nan yon ane.
Lè w envite lòt moun vin envesti, ou fè plis kòb toujou.
Tout moun ki ladan'l kontan, yap envesti, yap fè retrè. Tout bagay ap byen mache.
Men depi w ap envesti, ou dwe byen konprann sistèm wap envesti ladan'l la.
Men kèk pwen ki ta dwe atire atansyon nou sou sistèm CQR la an tan ke envestisè.
1- To enterè a twò wo e li twò fasil.
Ou imajine w envesti 1 500$ sèlman nan yon biznis kap ba w 21 600$ nan yon ane. Sa egal a 1 440% ! Alòske nan bank yo bay 7 a 8% sèlman pa ane!
Sou sit CQR, yo di ke se trading crypto yo fè ak wobo. Pa gen okenn wobo trading nan mond la ki 100% efikas, yap fè pèt kanmenm paske mache trading nan difisil pou prevwa a lavans nan ki sans lap evolye. E pi gwo fon envestisman nan mond la kote moun ka envesti kòb yo pou konpayi a fè travay pou yo pa depase yon randman de 15% pa ane. Sa vle di yo menm yo pa konnen mwayen pou fè kòb yo fè yon maksimòm lajan menm jan ak mèt CQR yo?
Ki konpayi ki tap gen yon wobo trading ki si pèfòmans pou l tap mete l an sèvis an favè nenpòt ki moun konsa nan mas pèp la ?
2- Ou pa konnen kiyès ki mèt sit la
Pa gen yon moun kap envesti nan CQR ki konn met li. Yo pa konnen anyen de staff ki dèyè sistèm nan. Yon sistèm pa ka si pèfòman konsa pou w pa janm tande kote yon moun pale pou l di se li ki mèt li. Sa vle di sistèm kreye pou kont li?
Repons ki pi senp la, sèke moun ki kreye sit la pa vle yo konn idantite l pou lè sa pase mal pou moun pa pouswiv li lajistis. E pa gen pèsòn ki konnen syèj sosyal CQR. Sa vle di, si yon bagay ta pase mal, yo pa gen okenn biwo kote w te ka al fè revandikasyon w pase.
Gen moun kap di w ke CQR egziste depi an 2013, men lè w eseye fouye pi fon, nap wè ke yo mete si la an liy nan mwa novanm 2022 ki sot pase a. Yap toujou di w ke se yon sistèm ki la lontan se jis pou w kwè ke se yon sistèm ki la lontan e ki stab.
3- Wap toujou tande moun yo ap di yo fè retrè deja.
Se vre yo fè retrè, an atandan li mache, tout bagay ap byen mache. Men atansyon, yon konpayi konsa pa tap janm parèt epi depi nan kòmansman pou l pa kite moun fè retrè. Sinon kòman yo tap fè atire moun. Yap toujou bay moun fè retrè nan kòmansman, epi yon bon jou, blip yo pa bay retrè.
Lè yo fin ranmase yon sòm kòb, yap jis kanpe tout bagay. Ou menm ki potko janm fè retrè, ou pèdi sak ou pèdi krab. Yo menm yo al fè wout yo ak tout milyon yo fin ranmase yo.
Nan jan de sitiyasyon sa yo, se yon ti kras moun ki benefisye, moun ki te premye antre sèlman yo ki pap pèdi si yo te gentan fin tire kòb yo. Moun sa pap anyen lè wap konpare l ak dènye mas moun ki antre nan dènye lè yo. Paske plis tan ap pase plis gen moun kap antre. Se tankou se yon piramid, tout tan wap desann, anba ap pi laj. Se pa san rezon yo rele yo piramid de Ponzi.
Kidonk ou menm ki gen posiblite pou fè retrè pandan lap mache a, kontinye fè retrè w, fè l tout tan ou kapab pou w pa regrèt.
E aprann sa yon bòn fwa pou tout: Tout sistèm ou pa konnen kòman l fonksyone pou l rapòte w kòb, pa envesti ladan'l.
Ou te konn Crowd1? Petronpay? Mandala?
Gen yon pansè ayisyen kap etidye Faculté des Sciences, misye reflechi trè byen. Li pran tan l li ekri yon dokiman 8 paj kote lap analize sistèm CQR la, klike sou lyen sa pou w jete yon kont je ladan'l.
An konklizyon, ou menm ki deja nan CQR, fè retrè tout tan w kapab. Pa kite kòb ou ap dòmi sou sit la paske w pa konn kilè nèg yo ap lage pye yo.
Ou menm ki poko envesti, si w ta vle envesti, reflechi 2 fwa anvan w envesti.
Pèp Ayisyen nou pral kriye!