5 bagay ou ka fè ak kriptomonè

Gen anpil moun ki konn tande pale de kriptomonè men ki pa vrèman konnen kisa pou yo fè avè l. 


Ebyen men 5 bagay ou ka fè ak yon kriptomonè:


1- Achte avèk kriptomonè

Ou ka itilize kriptomonè yo pou w achte anliy sou sit ki aksèpte kriptomonè kòm mwayen de pèman. De jou an jou, genyen plis sit ki itilize Bitcoin kòm mwayen de pèman lè w achte yon bagay oubyen yon sèvis pa entènèt. Lè konsa, si wallet ou gen Bitcoin sou li, ou ka itilize l pou w achte sou sit sa yo, lè sa tranzaksyon w plis sekirize tou. 

Pa konsekan, ou menm tou ki ta va genyen yon boutik anliy, ou ka ajoute kriptomonè yo tou kòm mwayen de pèman. Sa ap pèmèt kliyan ou yo gen plis chwa devan yo pou yo peye. 


2- fè retrè sou ATM

Si wap viv nan peyi kote ki gen ATM Bitcoin, ou ka fè retrè bitcoin sou ATM. Lè sa, wap kapab pran kòb ou an likid nan yon bat je. 


3- konvèti kriptomonè. 

Ou ka konvèti kriptomonè w yo an yon lòt deviz. Tankou pa egzanp, ou ka gen Bitcoin, ou konvèti l an ethereum, an litecoin, etc. 

Gen sit tou ki pèmèt ou echanje kriptomonè an lajan reyèl ke wap ka resevwa pa yon mwayen de pèman tankou MonCash, PayPal, etc...



4- vann kriptomonè

Si w genyen kriptomonè sou wallet ou, ou ka vann yo ak moun ki bezwen achte, lè sa, wap fikse a ki to wap vann li e pa ki mwayen pou moun kap achte a ap peye w (MonCash, sou kanè bank, an likid, etc.)


5- fè treding (trading)

Si ou konn sak rele treding nan, ou ka itilize kriptomonè yo pou w fè tredin. Genyen plizyè bwokè (broker) ki pèmèt ou seleksyone yon kriptomonè tankou Bitcoin kòm deviz de baz. 

Pou moun ki pa konnen sa ki rele treding nan, se lè ou achte yon deviz a ba pri, epi ou revann li lè li vin pi chè ke pri ou te achte l la. Lè konsa ou fè yon benefis sou diferans ant de pri yo. Sa se jis yon apèsi sou treding nan.

Atansyon!
si w pa gen konesans de baz yo nan treding, pa envesti kòb ou ladan'l paske kòb ou ka boule nan yon bat je. Pa konsekan, aprann baz treding yo anvan ou lanse w ladan'l. 

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne