Nan fen ane 2021 an, majorite itilizatè Facebook te okouran ke Facebook ta pral chanje non l an "Meta".
Poukisa?
Se paske Facebook te vle pami youn nan premye antrepriz ki genyen yon metaverse la.
Kisa ki yon Metaverse
Yon Metaverse se yon mond vityèl kote ou ka fè prèske tout aktivite vi kotidyen yo. Pou moun ki konn jwe game yo, li prèske menm nan ak yon game kote wap dirije yon pèsonaj nan yon mond ki pwòp a li menm.
Nan metaverse la ou ka fè prèske tout aktivite vi reyèl yo tankou, al travay, al nan makèt, achte, vann, al lakay zanmi w etc...pandan ou chita lakay. Wap ka abiye pèsonaj sa jan sa fè w plezi. Wap ka achte kay, achte machin, elatriye.
Ann pran yon ti egzanp byen senp.
Imajine pandan wap gade tele konsa, ou wè yon piblisite pou yon modèl rad ki fenk vini. E magazen kap vann rad sa gen boutik li tou nan yon Metaverse ke w ap itilize.
Ou bezwen achte rad la pou w al nan yon pwogram Maître Gims ap fè sou menm metaverse la a 8h00 pm
Bo 7h30 pm ou antre nan chanm ou, ou pran òdinatè w, ou pran kas reyalite vityèl ou, ou mete l nan tèt ou. Epi w monte sou metaverse la.
Ou ale nan adrès magazen an genyen sou metaverse la. Ou achte rad la ou te bezwen an. Ou peye l ak yon kriptomonè ke yo aksepte sou metaverse la. (kisa ki yon kriptomonè)
Answit ou retounen lakay ou nan metaverse la. Ou mete rad ou sot achte a sou pèsonaj ou a.
Bò 7h45 pm ou pase pran yon zanmi w lakay li nan metaverse la epi nou ale nan pwogram Maître Gims ap fe a.
Lè nou rive nan baryè a, nou peye ak yon biyè ke w te gentan achte sou fòm NFT sou Opensea.
Nou enjoy nou pou kont nou nan pwogram nan, dyaloge ak lòt moun.
Bò 10h pm, pwogram nan fini.
Kòm ou gen yon NFT ki pwouve w ke w se youn nan pi fidèl follower Maître Gims yo, ou jwenn aksè pou w fè 5 minit ap pale ak Maître Gims nan yon salon ki rezève pou sa.
Answit ou menm ak zanmi w la, nou chak retounen lakay nou.
Answit ou retire kas reyalite vityèl la nan tèt ou.
Lè w gade ou wè se nan chanm ou ou toujou chita. Tandiske ou sot asiste a youn nan meyè pwogram nan vi w.
Apre yon ti moman, yo sonnen nan pòt ou, lè w al gade, se rad ou te achte nan metaverse la yo pote ba w lakay ou (si wap viv nan yon peyi kote livrezon an posib).
Aprezan ou genyen rad la ni nan mond reyèl la, ni nan metaverse la.
Imajinasyon an kanpe la.
Se te jis yon egzanp pou baw yon apèsi nan sa w ka fè sou metaverse la.
Kisa wap bezwen pou w antre nan yon Metaverse.
Wap bezwen:
- Yon òdinatè
- Yon koneksyon entènèt
- Yon kas reyalite vityèl
- Yon wallet ki genyen yon kriptomonè ke yo aksepte sou metaverse la si w bezwen achte.
Answit wap monte sou aplikasyon oubyen sit wèb metaverse la genyen an.
Men kèk pwojè metaverse:
- Decentraland
- Illuvium
- Sandbox
- Axie Infinity
- Cryptovoxels
- Blocktopia
- Metahero
- Star Atlas
- Roblox
- Uhive