NFT ka fè w milyonè

Èske w te konnen NFT fè plizyè moun milyonè deja?


Youn nan koleksyon NFT ki pi popilè yo rele Bored Apes Yacht Club (BAYC). Li genyen desen 10 000 makak diferan. Gen youn nan Bored Ape yo, Bored Ape #8817, li te vann pou $ 3 400 000 !
Se pa yon erè m fè non, sa w li a se sa zanmi m! 
Li vann pou 3.4 milyon dola ameriken!

Ou poko konnen kisa ki NFT a?

Ebyen ou pral sezi tande kisa ki yon NFT!

NFT vle di an anglè "Non Fungible Token". An fransè li vle di "Jeton Non Fongible". 

Kounya ann dekòtike mo yo. 

Yon jeton se yon pyès ki gen yon valè ke w ka echanje. Nan tan lontan yo te konn itilize pyès lò, pyès lajan, elatriye..  

Lè yon jeton fonjib, sa vle di ou ka ranplase l pa yon lòt jeton ki menm jan. 

Pa egzanp, si m gen yon biyè 100$, ou gen yon biyè 100$ tou, yo tou de gen menm valè. Nou ka echanje yo e sa pap modifye valè a. Nenpòt kote m pase nan mond la, 10$ ap toujou vo menm 10$. Lè sa nou di li fongib. Tout kòb nap sèvi avèk yo a fongib. 

Anplis de sa, ou ka degrennen yon biyè 100$ an plizyè moso. M ka gen 0.5$ oubyen 20.70$  elatriye. 

Alòske pou NFT yo, se kontrè a. Lè w gen yon NFT, li pa gen menm valè ak lòt NFT yo. Pa egzanp si m gen yon Bored Ape, ou gen yon yon Bored Ape tou, yo pa gen menm valè. Yo chak la inik. Lè sa nou di jeton an pa fonjib, (non fongible). Ou pa ka echanje l ak yon lòt ki menm jan. 

E ou pa ka divize yon NFT an plizyè moso. Ou pa ka gen 0.5 NFT ni 10.4 NFT, elatriye..

Chak NFT yo inik. Se sa ki fè tout valè l. Men gen yon kategori NFT ke dèfwa yo rele Jeton semi fongible, kote ou ka jwenn plizyè ki gen menm valè. 

Kounya ki itilite yon NFT?

Gras ak wèb 3.0 a ki mèt aksan sou desantralizasyon an, yon NFT se yon fichye ki gen yon idantifyan inik sou yon Blockchain. Tout moun ka verifye otantisite yon NFT, ki orijin li, nan men ki moun li pase deja, elatriye...
Lè konsa wap ka konnen si se orijinal la oubyen si se yon fake li ye. 

Tablo sa nap gade la, li rele Joconde, se yon atispent ki te rele Leonard de Vinci ki de pentire l. 


Imajine tablo sa te sou fòm yon NFT, ou tap ka retade istwa tablo a depi lè Leonard de Vinci de pentire l la jiska moun ki posede l aktyèlman. Lè konsa si se yon fake li ye tou, depi nan istorik la wap gentan wè sa. 

Se te jis yon egzanp. 

Teknoloji NFT yo ka aplike nan plizyè domèn tankou:
  • Mizik
Yon atis ka vann yon mizik li fenk soti sou fòm NFT. Gen plizyè atis ki fè sa deja. 
  • Atistik
Si w konn fè bèl desen, ou kreye pwòp NFT pa w pou w vann sou fòm imaj. 
  • Imobilye
Nan mwa oktòb 2022 a, pou la premyè fwa, yo vann yon kay Ozetazini nan eta Kawolin disid sou fòm yon NFT. Lè konsa NFT a vin sèvi kòm prèv ke kay la se pou ou, li sèvi kòm papye kay la. Ou pa nan bezwen siyen pil papye pou w valide acha. 
  • Kominote
Yon NFT ka sèvi kòm prèv ke w fè pati de yon kominote byen detèmine, nan ka sa, li sèvi kòm badj ou. 

Sa yo se sèlman kèk itilite NFT yo genyen nan mond la pou kounya. Teknoloji NFT se yon teknoloji ki jèn, li pa la twò lontan kidonk li gen anpil avni. Plen lòt itilite kap vini dèyè toujou. 

Si w anvi gen yon apèsi de de monde NFT a, jete yon kout je sou Opensea oubyen sou Rarible 
Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne