Achte bitcoin sou entènèt se toujou yon gwo pwoblèm pou moun ki bezwen debite nan zafè kriptomonè. Vann bitcoin ou genyen sou wallet ou pou w ka jwenn kòb ou an likid se yon lòt pi gwo pwoblèm!!!
Ebyen jounen jodiya, pwoblèm sa fini. Eritaj pam pote solisyon an pou nou.
Eritaj pam se yon platfòm ayisyen ki bay posibilite pou w fè kòb sou entènèt fasilman. E resamman, li vini ak yon sèvis kap pèmèt ou fè echanj bitcoin sou entènèt plop plop.
Kidonk, ou menm ki gen kòb sou MonCash ou, ou bezwen achte bitcoin avèl, wap ka fè sa san kè sote sou eritaj pam. Wap jis bezwen adrès bitcoin ou vle resevwa kòb la sou li a, epi wap klike sou lyen sa.
Wap endike kantite kòb ou bezwen achte Bitcoin avè l la, mwayen wap peye l la, epi fason ou vle resevwa l la.
Answit yap ba w nimewo ofisyèl eritaj pam nan pou w fè transfè a.
Pa bliye fè screenshot tranzaksyon an epi note nimewo transfè a (TXN ID) paske wap bezwen yo kòm prèv ke ou te fè transfè a.
Li senp kòm bonjou.
Pou w vann bitcoin ou genyen sou wallet ou, se menm pwosesis yo wap swiv. Wap endike kantite bitcoin ou bezwen chanje a, wap bay nimewo MonCash ou, yap ba w yon adrès bitcoin pou w transfere Bitcoin yo sou li.
Pa bliye byen kopye adrès bitcoin a pou nou pa fè erè.
Toujou fè screenshot tranzaksyon yo kòm prèv ke nou fè transfè a.
Zafè kase tèt pou echanje Bitcoin an fini!!!

